Editoryal: lavi swadizan klas mwayèn nan ak nouvo pri gaz la!

Gouvènman Ayisyen san reflechi deside monte pri gaz la nan ponp yo. Sitiyasyon pa san konsekans sou salarye yo ki te deja ap mennen lavi difisil ak grapday monnen y ap touche a.

Pou edew pi byen konprann, redaksyon jounal la fè yon evalyasyon sou yon echantiyon nan sosyete a nan klas ke yo konsidere kòm klas mwayèn nan.

Yon salè 30 mil goud pou yon mwa!

Si moun sa boule yon galon gaz edmi chak jou, pou ale epi tounen lakay li, ak nouvo pri gazolin lan ki se 570 goud, moun sa ap bezwen 20,520 goud pou yon mwa pou met gaz nan machin li. Kidonk moun sa rete sèlman 9,480 goud nan salè li pou li kontinye fonksyone aprè depans pou gaz pou mwa.

Imajine menm moun sa ta selibatè, (pou yon vi ki pi senp). Pou l manje nan maten yon sandwich kounye a vann anviwon 500 goud, yon ti ji natirèl nan men yon machann tou prè travay la koute 250 goud. Pou manje midi moun sa dwe genyen pou pi piti 600 goud. Nan aswè yon labouyi ap koute preske 250 goud.

Si n ap adisyone depans yo pou yon jounen, salarye sa bezwen 1600 goud pou manje selman. Si nou miltipliye 1600 goud pa 24 jou ke li travay nan mwa, sa bay yon total 38,400 goud, (Kòb pou achte gaz + kòb li depanse pou manje). Sa vle di depans moun sa ap vini 58,920 goud chak mwa pou jou travay sèlman. Nan sans sa yon moun ki gen yon salè 30 mil goud, ap bezwen prete 28,920 goud pou li ka kontinye al travay.

Si jou dimanch yo li ta deside fè manje lakay li, l ap bezwen preske 2500 goud. Si nou miltipliye montan sa pou 4 dimanch ki genyen nan yon mwa, sa ap bay 10 mil goud. Sa vle di pou yon mwa konplè, pou gaz ak manje, yon moun ki ta nan swadizan klas mwayèn nan, dwe gen yon salè 68,920 goud.

Kòb pou lwe kay

Aprè depans chak jou nan lavi anplwaye sa, si li gen obligasyon pou l lwe yon kay, sa vin rann la vi a pi konplike toujou.

Jodi a yon ti kay ki gen yon pakin, 2 chanm pou kouche, yon salon, yon kizin, ak yon sal pou moun manje koute ant 2500 pou rive 4000 dola ameriken sa pral depann de zòn nan.

Si nou ta miltipliye chif ki pi ba: 2500 dola ak to referans BRH pou jounen an (115 goud), sa bay 287,500 goud pou yon fèm kay yon ane. Kòm li p ap jwenn kòb sa labank, li oblije achte li nan lari. Sa vin fè li bezwen 50 mil goud an plis pou ane kay la. Vrè pri lwaye a vin : 337,500 goud pou ane a (To enfòmel la 135 goud).

Donk yon moun kap touche 30 mil goud pa mwa, pa tap ka lwe yon kay konsa! Rezon an paske salè anyèl li se 360,000 goud. Pou ane a li tap rete sèlman 22,500 goud nan kòb li touche.

Depans chak jou plis lwaye kay tap fè anplwaye sa bezwen 406,420 goud pou kouvri depans sa yo.

Al nan restoran, fè fanmi oubyen yon zanmi kado yon monnen vin enposib pou moun sa. Pou ane a moun sa tap bezwen prete 46,420 goud poul ka kontinye manje epi met gaz nan machin li.

Yon klas ki disparèt!

Si lontan te gen yon klas mwayèn nan peyi a, jodi a, klas sa pa egziste ankò. Gen 2 kategori nan peyi a kouyne a, sa ki rich ak sa ki pòv. Se vre yon moun ki gen yon ti machin, yon kay ka di li pa yon pòv! Men eskel posib pou yon moun k ap touche yon salè 30 mil goud ap ka kontinye al travay, met gaz nan machin, manje. Nan Repons lan se NON.

Li vin evidan, se yon klas ki disparèt. Pou klas sa ta kontinye ekziste, fok li ta gen yon salè minimòm 500,000 pou rive 600,000 goud. Kounye a ki antrepriz sou teren kap ka peye yon anplwaye yon salè konsa. Sa pap janm rive.

Kidonk yon moun ki te gen yon salè 30 mil goud sa gen 10 zan, te ka konsidere tèt li nan klas mwayèn. Jodi a, yon salè konsa mete moun sa nan klas pòv la.

Èske nap toujou kwè klas mwayèn nan toujou ekziste oubyen, se rich ak pòv k ap viv nan peyi a?

Nou chak gen repons lan nan fason n ap mennen lavi nou jodi a.

Redaksyon La Brève Info

Augmentation des prix pétroliersClasse Moyenne
Comments (0)
Add Comment