The news is by your side.

Haïti : Des organisations et des personnalités de l’Artibonite optent pour une transition refondatrice

0 97

Dans un document de 13 pages, en créole, acheminé ce mercredi 28 juillet 2021, à la rédaction de l’agence de presse en ligne La Brève, des organisations et des personnalités progressistes du département de l’Artibonite ont fixé leur position sur la conjoncture politique actuelle à travers une proposition de sortie de crise. Dans ce document, ces organisations et personnalités de l’Artibonite appellent à un gouvernement de transition réfondatrice, qui portera sur deux (2) grands axes : Conjoncturel et Structurel et qui doit refléter et apporter de vraies solutions aux revendications des masses populaires. 

Lire l’intégralité du document en créole haïtien :

DEPATMAN LATIBONIT

PWOPOZISYON POU YON TRANZISYON KOUPE FACHE

Depi lane 1915 peyi dAyiti anba kontwòl enperyalis meriken an. Si 1934 yo te swadizan wete fòs militè yo nan peyi a, men se yo menm ki te toujou gen kontwòl admistrasyon peyi a atravè konsantrasyon ak santralizasyon peyi a nan Pòtoprens. Kote tou, yo rive pasifye epi depolitize mas peyizan yo ki fè Pòtoprens vin tounen prensipal espas tout gwo desizyon politik. Tout sa rive fèt anba kontwòl enperyalis meriken an ki deside mete moun li vle nan palè pèp Ayisyen an. An wetan eksperyans ak ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide nan lane 1991 mouvman popilè a te pote sou pouvwa (nou konnen tou kijan sa ta pral pase. Pliske 7 mwa apre, enperyalis la ta pral bay yon koudeta epi kase mouvman rezistans pèp ayisen an) pa janm gen yon prezidan ki rive nan tèt peyi a san se pa volonte Leta yankee yo.

Sou plan ekonomik, okipasyon meriken an favorize emèjans yon boujwazi ki fè

fòtin li nan achte revann. Sa vle di se yon boujwazi komèsyal ki pa nan okenn aktivite kreyasyon richès. Yo enplike tou nan gwo aktivite kòripsyon ak Leta. Tout move lajan sal pase nan men yo, tankou lajan kontrebann, dwòg, kidnapping, trafik zam ilegal, trafik ògàn elatriye. Boujwazi sa a itilize gwo mwayen lajan pou peye lòbiyis nan Washington pou konvenk ofisyèl etazinyen yo, pou yo ka toujou gen pouvwa politik an Ayiti. Menm si se pa yo dirèkteman ki sou pouvwa a, men yo rive achte tankou lo patat yon seri palmantè epi rive mete moun yo kapab

kontwole nan Egzekitif la. Boujwazi revandè sa a, gen kòripsyon kòm pi gwo zam pou fè lajan epi pou kontwole politisyen nan peyi a.

Vye politik sa a, mete pèp la ajenou. Paske se ranfòse li ranfòse inegalite sosyal yo. Li favorize yon ti gwoup moun vin pi rich chak jou, pandan gran majorite pèp la nan gwo mizè. Sistèm peze souse sa a detwi peyi a. Malgre tou pèp la rive devlope pwòp mwayen pa l pou l reziste anfas li. Men tou akoz sistèm nan gen bon jan repondong, li kanpe an kwa kont pwojè liberasyon an. Yon liberasyon politik ak ekonomik ki dwe rezoud gwo pwoblèm sosyal ki gen nan peyi a. (Page 1 of 13)

Nou menm òganizasyon ki nan Latibonit yo, nou deside pote kole tout bon vre nan batay pou kase vye sistèm kòwonpi retwograd sa a. Nou deside batay pou bonjan jistis sosyal tabli nan peyi a. Jodi a nou nan yon sitirasyon kote fòs retwograd yo vin pi fewòs. Sa ki rive nan ak prezans yon mafya nan tèt Leta a depi anviwon 10 lane bay anpil kè sote.

Depi 2011, peyi Dayiti tonbe nan nas yon ekip bandi legal ki pote non Tèt kale. Pandan 10 lane depi yo sou pouvwa a, rejim phtk a fini nèt ak peyi a. Yon peyi ki te deja gen anpil difikilte, men rive moun ki rele tèt yo bandi legal yo mete peyi a K-O. Nou sonje byen, se Etazini atravè depatman Deta madan Clinton t ap dirije ki enpoze Michel Martelly nan tèt Leta a an 2011. Pandan manda chantè devègonde

switmiki a, peyi a konnen pi gwo eskandal finansye nan tout istwa l. Lajan petwokaribe a. Men tou gen lajan CIRH la, ki se te yon fon pou rekonstriksyon peyi a apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Fon sa a se Bill Clinton, Jean Max Bellerive ki te koumanse jere l e ki pratikman li menm tou gagote. Pou petwokaribe a, nou konnen pwogram sa a ansyen prezidan peyi Venezuela, Hugo Chavez te mete kanpe nan Karayib ak Amerik Latin nan kote li t ap ride yon seri ti peyi jwenn yon altènativ ak kout ponya yo abitye pran nan men enstitisyon « Breton Woods » yo: Bank Mondyal ak FMI. Ayiti ki te benefisye pwogram sa a, pa rive regle anyen ak lajan pa l la pliske ekip bandi legal ki te gen Switmiki nan tèt li a gagote lajan an. Daprè ankèt Lakoudèkont mennen apre gwo mobilizasyon sosyete a, yo rive dekouvri se 4 milya 200 milyon dola ameriken ki gagote. Rejim phtk a ki te gen nan yon premye tan Garry Conille kòm premye minis epi ansuit nou ta pral jwenn Laurent Lamothe ki se youn nan pi gwo gagotè lajan sila a epi Evans Paul (K-Plim) ki te jwenn yon pati nan lajan an ki gagote sou rèy pa l la tou. Nap souliye, lajan petwokaribe a koumanse gagote depi sou administrasyon Preval avèk madan Duvivier Pierre-Louis epi Jean Max Bellerive kòm premye minis. Men tou nou sonje gouvènman pwovizwa Jocelerme Privert ak Enex Jean Charles

la li menm tou te enplike nan gwo krim finansye sa a. Administrasyon Jovenel ak Guy Lafontant an te fini nèt ak ti rès lajan an. Sa bay nou yon lide klè sou kijan yon seri dirijan ak gwo fonksyonè Leta mete ansanm pou vòlò lajan kite la pou ride nan devlopman peyi a.

Apre manda Mateli fini, li t ap eseye enpoze ranplasan l. Pèp ayisyen an kenbe yo nan vòlò eleksyon epi kraze eleksyon malatchong sa yo. Nou sonje kalite (Page 2 of 13) kokennchenn leve kanpe 22 janvye 2016 yo. Klas politik tradisyonèl la pat rive entèprete mesaj pèp ayisyen an te voye a, yo pat alawotè pou yo te konprann mouvman 22 janvye yo pa ta kapab fini nan sèlman anile yon eleksyon pou fè yon lòt. Malgre pèp la te kontrenn prensipal chèf rejim tèt kale a pou l te kite palè a nan ti pòt pa dèyè, politisyen tradisyonèl yo te mete ansanm pou ba l ochan epi fè yon ti pas kout bay Jocelerme Privert ki t a pral òganize lòt eleksyon fo mamit pou remèt phtk pouvwa a.

Se konsa, 7 fevriye 2017, Jovenel Moïse pran pouvwa a. Pouvwa Jovenel Moïse la te gen pou prensipal misyon, pwoteje vòlò lajan petwokaribe yo. Sa li rive fè

pafètman byen. Se yon kochma pèp ayisyen an viv pandan rèy Jovenel sou pouvwa a. Sitirasyon Grangou ak lamizè vin san parèy nan peyi a, koripsyon an vin tounen yon bagay ki nòmal. Peyi a vin envivab ak yon fenomèn kidnapping ki lye ak gansterizasyon. Nou note se pou premye fwa depi peyi a egziste, gen yon

federasyon gang ki mete sou pye e k ap fonksyone anba benediksyon dirijan phtk ak alye yo. Gang yo fè manifestasyon jan yo vle. Se anviwon 12 masak pouvwa Jovenel la fè nan katye popilè yo. Asasinay batonye an fonksyon Mèt Monferrier Dorval, etidyan anndan lekòl Nòmal Siperyè Gregory Saint-Hilaire ak lòt krim ankò pat sispann mete sosyete a tèt anba ak dlo nan je. Tout krim sa yo fèt anba benediksyon pouvwa an plas la. Ak Jovenel Moïse nan tèt Leta a, pèp ayisyen an viv lanfè je kale.

Nan Pòtoprens, kapital peyi Dayiti plizyè katye ki abitye nan fè rezistans ak rejim PHTK a konnen anpil move moman. Selon rapò „‟Observatoire Haïtien des crimes contre l‟humanité‟‟ sou pil ak pakèt masak ki fèt nan diferan katye nan kapital la, Leta fèmen je l e fè silans sou yo: masak Lasalin, Bèlè ak Site Solèy enskri nan tèt lis katye ki plis viktim yo. Yon seri masak deta ki planifye ant yon seri wo

fonksyonè k ap travay pou palè nasyonal ak yon seri chèf gang ame kap ofri sèvis yo ak pouvwa ansyen prezidan de fakto Jovenel Moïse la.

Nan lannuit 13 pou louvri 14 novanm 2018, youn nan pi gwo masak rejim phtk a fè nan peyi a sou prezidans Jovenel Moïse la te fèt nan Lasalin. Pou pi piti, 71 moun pèdi lavi yo, 11 fanm vyole, 150 kay piye epi boule. Moun yo mouri fizye ak bal, rache ak manchèt, genyen yo boule tou vivan anndan kay yo: granmoun, ti moun, fanm ansent tout kategori. Tout moun te kapab konstate kochon k ap manje kò anpil moun nan Lasalin. (Page 3 of 13)

Toujou selon menm rapò nou sot site a: „’ta sanble gen resous polis nasyonal la kiitilize nan pakèt operasyon kriminèl sa yo ki fèt nan komin Site Solèy.

Selon rapò RNDDH nan mwa me 2021, genyen pou piti 81 moun ki mouri ak bal. 36 moun mouri soti mwa dawout pou rive desanm 2020, pami yo gen 7 fanm pou piti. 45 lòt mouri asasinen soti mwa mas pou rive mwa me 2021, pami yo pou piti 5 fanm. Genyen 24 moun ki disparèt e 18 lòt blese ak bal. Nan seri atak sa yo gen 165 kay ki boule e 13 lòt piye. Nan jou masak la fèt la pou rive nan demen òganizasyon k ap defann dwa moun nan konte 265 sinistre nan lari, sou plas piblik yo ak lòt espas ki pa ofri yo okenn pwoteksyon.

Selon òganizasyon dwa moun nan masak sa yo fèt anba je lapolis san yo

enstitisyon an pa fè okenn reyaksyon.

Anplis masak nou sot site la yo, nou p ap bliye: masak Kafoufèy, chemen nèf nan Senmak, Tokyo, Gran Ravin, ak dènye sa ki sot pase nan Delmas 32 a la. San konte tout aktivite gang yo ap mennen nan zòn Sid kapital la ki koupe pasaj ant Pòtoprens ak Gran Sid la. Men tou, genyen gang ki okipe zòn Kwadèboukè ak rès plèn nan. Kidonk, se yon Pòtoprens ki pratikman asyeje ak aktivite gang. Men fòk nou toujou note, aktivite gang sa yo pa t ap posib si pouvwa a ak kominote entènasyonal la sitou BINUH ak Etazini pat bay lèse pase pou sa fèt. Nou konprann byen, se yon plan ekstèminasyon klè ki ap aplike kont pèp ayisyen an. Malgre tout sa w tande yo, se pa yon pèp ki te rete bra kwaze ap gade. Nou sonje gwo leve kanpe sektanm 2017 kont bidjè kriminèl la, gwo leve kanpe 6-7-8- jiyè

2018 yo, epi nou pral jwenn vag mouvman petwochalenndjè yo kote yon seri jenn fanm ak jenn gason nan peyi a deside mande Leta kont: “Kot kòb petwokaribe a”? Se youn nan pi gwo kesyon ki travèse istwa politik, sosyal ak ekonomik peyi a pandan 30 dènye ane yo. Se yon kesyon tou ki lakoz yon pil ak pakèt moun pèdi.  1 Observatoire Haïtien des Crimes Contre l‟Humanite. « Massacres contionnés par l’Etat : règne de l’impunité en Haïti ». Avril 2021. P.3-4

2

Ibid

3 Réseau National de Défense des Droits Humains (RNDDH). « Massacres à Bel-Air et à Cité Soleil sous le regard

indifférent des autorités étatiques ». 20 mai 2021. P. 10 (Page 4 of 13)

lavi yo, nan manifestasyon ak bal nan tèt, nan masak nan katye yo, nan egzekite militan politik elt. Kesyon sa a lakoz tèt moun ki te patisipe nan vòlò lajan petwokaribe a pa janm an pè. Kesyon sa a lakoz tou Jovenel Moïse voye chache mèsenè etranje pou vin fizye ak bal nan tèt pèp ayisyen an ki ap revandike lòt kondisyon lavi . Pèp la pat janm dekouraje nan mande Jovenel Moïse kite pouvwa a, paske non sèlman l ap pwoteje vòlò lajan petwokaribe yo, men li menm tou Lakoudèkont akize l kòm youn nan moun ki dilapide fon sa yo. Sipò san fay “Core group” la ak Etazini an tèt epi oligachi retwograd la te kenbe Jovenel Moïse sou pouvwa a kont volonte pèp ayisyen an. Rive 7 fevriye 2021 an, manda enkilpe Jovenel rive nan bout li. Li derefize kite palè a. Okontrè li planifye yon referendum ilegal pou chanje konstitisyon 1987 la. Malgre pèp ayisyen an kanpe anfas pwojè a, Jovenel Moïse soti pou l kwoke konstitisyon BINUH an nan kòlèt li. Premye dat la pa kenbe akoz mobilizasyon popilè a, Jovenel te deja ap pare l pou fòse pèp la vale konstitisyon madan Lalime ba l pote a nan mwa sektanm ki ap vini la a. Pèp

ayisyen an te deja ap prepare l tou pou fè l fè bak. Nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè a, peyi a leve anba gwo nouvèl chòk sa a: Jovenel mouri ansasinen lalay li. Tout kalite kesyon ap poze : kijan prezidan de fakto a fè mouri nan kondisyon sa a alòske menm yon sekirite l pa blese? Èske se pa yon pike devan fòs reyaksyonè yo fè atravè asasina sa a pou kase elan mobilizasyon

popilè a ? Lanmò Jovenel la vin konplike sitirasyon an plis toujou. Pou pote yon repons ak kesyon konjonktirèl yo e anmenmtan abòde pwoblèm estriktirèl yo, jodi a gen yon nesesite istorik pou peyi a fè tranzisyon koupe fache sa a pèp ayisyen an te toujou ap mande a.

□ Lè nou konsidere jan sitirasyon an prezante a, nou kwè li enpòtan pou tout

aktè politik, sosyal ak ekonomik yo chita ansanm pou ofri peyi a yon

altènativ. Wi, se yon altènativ ki dwe vin jete baz konstriksyon yon sosyete

san fòs kote ;

□ Lè nou konsidere revandikasyon pèp ayisyen an ap eksprime depi anviwon

10 an la a;

□ Lè nou konsidere Jovenel te kraze tout enstitisyon nan peyi a;

□ Lè nou konsidere enjerans kominote entènasyonal nan zafè politik peyi a; 

Nou rann nou kont se sèl yon tèt ansanm ak tout fòs pwogresis nan sosyete a ki kapab pote yon solisyon ak kriz peyi a ap konfwonte la a. Sou baz sa a, nou menm ansanm òganizasyon ak pesonalite pwogresis sa yo nan Latibonit nou fè sosyete a yon pwopozisyon ki kapab ride nou soti nan kriz sa a. Pwopozisyon sila a pran an

kont sitirasyon konjonktirèl la men tou li touche aspè fondamantal kriz la ki lye ak pwoblèm sistèm inegalitè ki tabli sosyete miwo miba sa a nou gen jodi a. Nou panse li enpòtan pou gen gwo sakrifis ak jefò ki fèt bò kote aktè avangadis pwogresis yo pou yo mete yo alawotè revandikasyon mas pèp ayisyen an ap eksprime depi lontan, nan egzije pou kraze sistèm peze souse a. Nan sans sa a, nou menm nan Latibonit nou egzije yon tranzisyon refondatris atravè pwopozisyon sa a.

Gouvènnman tranzisyon refondatris sa a dwe reflete e pote solisyon tout bon vre ak revandikasyon mas popilè yo. Yon lòtbò l ap koupe fache ak tout desizyon degrenngòch, anti pèp, anti konstitisyonèl, anti demokratik pouvwa PHTK a. Yon tranzisyon ki pral mete sou kote tout fòm enjerans ak fòm pouvwa gwo ponyèt ki dwe refè aparèy leta a. Tranzisyon refondatris sa a dwe bay peyi a yon lòt oryantasyon ki favorize entegrasyon tout kouch nan sosyete a, koupe fache ak sistèm koripsyon an, byen jere lajan ak byen piblik yo, mete Leta a chita sou baz bon jan enstitisyon yon fason pou voye yon siyal klè pou mete anplas yon leta ki chita sou devlopman, pwogrè ak souverènte.

Tranzisyon sa a ap aji sou de (2) gran aks : konjonktirèl, Striktirèl.

 *Aks konjonktirèl* 

pre tout refleksyon ak bon jan analiz, ansanm oganizasyon ki enskri tèt yo nan demach sa a deside bay tranzisyon koupe fache a misyon sa yo: (Page 6 of 13)

▪︎Dekrè ki wete sou pouvwa Lakoudèkont;

Dekrè ki kreye ANI ak BSAP;

Dekrè ki bay dechaj ak yon seri ansyen premye minis epi minis dèyè do konstitisyon an;

Dekrè ki bay Apaid tè peyizan nan Savann Djann epi fòk Apaid remèt

lajan pèp la ansyen prezidan de fakto a te ba li nan kad dosye sa a ;

2- Retounen sou tout lòt desizyon ki te pran dèyè do lalwa yo tankou :

Dosye kat dèmalòg la ;

Revokasyon jij nan Lakou Kasasyon yo;

3- Pran desizyon pou adrese pwoblèm lavi chè a ;

4- Pran desizyon pou konbat pwoblèm ensekirite a e mete an plas pwogramespesyal pou soulaje sitirasyon moun ki nan katye popilè yo ;

5- Netwaye epi remanbre enstitisyon polisyè a ;

6- Libere tout prizonye politik yo ;

7- Fè refòm an pwofondè nan aparèy jidisyè a ki dwe vin endepandan tout bon vre pou tout moun ka rive jwenn jistis kòmsadwa ;

8- Mete an plas yon tribinal espesyal pou fè pwosè masak ki fèt sou mas pèp la (masak lasalin, Bèlè, Gran Ravin, Tokyo, Delmas 32…) ak pwosè

petwokaribe a ;

9- Fè odit jeneral nan tout administrasyon piblik la, sitou nan yon seri enstitisyon tankou Ladwàn, APN, DGI, BNC, ONA, BRH… ;

10- Repran kontwòl pò, aryopò ak fwontyè nou yo ;

11- konbat kontrebann ak trafik zam ilegal nan peyi a ;

12- Fè bon jan refòm ekonomik nan peyi a ;

13- Jwenn yon akò ak peyi Etazini pou fikse yon to nan zafè echanj dola

ak goud la ;

14- Relanse tout bon vre agrikilti peyi a (bay yon konsiderasyon espesyal

ak granzòn sagrikòl yo) ;

15- Pran dispozisyon pou gen limyè ki fèt sou tout moun yo asasinen nan

peyi a;

16- Kontwole pri pwodui premye nesesite yo ak kesyon entran agrikòl

yo ;

17- Pran kontwòl mache petwolye a ;

18- Elimine franchiz yo ;

19- Kase monopòl sou yon seri pwodui ki nan men boujwa yo ;

20- Amelyore kondisyon aprantisaj nan lekòl yo, mete pwogram kantin

eskolè epi reponn ak revandikasyon pèsonèl k ap travay yo ;

21- Amelyore kondisyon travay ouvriye yo epi reponn ak egzijans yo sou ogmantasyon salè minimòm nan (Page 7 of 13)

*Aks estriktirèl*

Apre pil refleksyon ansanm òganizasyon yo fè sou refondasyon Leta a, yo estime fòk gen yon seri mezi an pwofondè ki pran sou diferan chan sa yo :

 *I.- Chantye politik* 

1-Soti nan pratik Leta patrimonyal la, sa vle di Leta dwe sispann byen

prive yon ti gwoup moun, yon klan. Men dezòmè Leta dwe la pou sèvi tout popilasyon an ;

2-Enstitisyonalize lavi politik peyi a. Sa vle di fòk gen bon jan lwa pou ankouraje lavi asosyativ, ankouraje moun entegre estrikti politik yo,

elatriye;

3-Repanse politik amenajman teritwa peyi a epi dwe gen jistis teritoryal;

4-Abòde pwoblèm asenisman an;

5-Redefine rapò nou ak lòt peyi ak òganizasyon entenasyonal yo;

6-Reglemante sistèm idantifikasyon peyi a soti depi nan nesans pou jouk

ou mouri, sa dwe fèt tou pou tout etranje k ap viv nan peyi a ;

7-Rekipere souverènte peyi a (repanse òganizasyon eleksyon yo ; se kòb

nan trezò piblik la ki dwe finanse eleksyon yo ; mete kontwòl pou

lajan sal pa rantre nan eleksyon peyi a) ;

8-Ranfòse kapasite enstitisyon tankou UCREF ak ULCC ;

9-Adrese pwoblèm ONG a, li pa lojik pou ONG ap aji nan plas Leta ;

10-Pran bon jan mezi pou dekonsantre sèvis piblik yo e desantralize

pouvwa politik la.

 *II.- Chantye ekonomik* 

1- Leta dwe prezan nan ekonomi peyi a ; (Page 8 of 13)

I- Leta dwe prezan nan ekonomi peyi a ;

1-Soti peyi a nan ekonomi revandè a pou rantre nan yon ekonomi k ap pwodui byen ak sèvis;

2. Redefini wòl peyi a nan divizyon mache mondyal la ;

3. Reòganize sektè enfomèl la pou pèmèt moun yo viv nan bon kondisyon;

menm apre yo paka travay ankò ;

4. Repanse kesyon kontriksyon an nan peyi a ;

5. Ankouraje aktivite transfòmasyon pwodui yo (agwo-endistri…);

6. Kontwole kalite pwodui moun ap konsome soti nan kesyon dlo ak tout

pwodui premye nesesite;

7. Repanse kesyon zòn franch ak pak endistriyel yo;

8. Ogmante tarif dwanye sou yon seri pwodui n ap enpòte sitou sa nou gen

kapasite pou nou pwodui ak sa ki ap kontribye nan degrade anviwonman an;

9. Repanse e kontwole kesyon eksplwatasyon min, rivyè, ak tout lòt resous natirèl peyi a;

10. Reòganize sektè lapèch la ;

11. Abòde kesyon tè nan peyi a (sekirite fontye, tè jaden…)

 *III.- Chantye sosyal* 

1-Elabore bon jan pwogram  sosyal pou ride moun ki nan difikilte nan katye

pòv yo ;

2- Repanse sistèm asirans la ;

3- Garanti la sante pou tout moun ;

4- Repanse kondisyon moun ap vwayaje nan peyi a (transpò maritim, transpò

terès, transpò aeryen).

5- Repanse politik demografik peyi a. (Page 9 of 13)

 *IV.- Chantye edikatif* 

1- Lekòl dwe gratis pou tout moun soti nan premye ane pou rive nan inivèsite ;

2- Repanse lekòl nan peyi a (pwogram eskolè, liv, fason batiman yo konstwi,

laboratwa, bibliyotèk nasyonal ak kominal, espas pou elèv yo rekreye, kote lekòl yo pozisyone elatriye) ;

3- Fè fòmasyon pou mèt yo;

4- Repanse sèvis enspeksyon yo;

5- Lekòl dwe fèt nan lang manman tout pitit peyi a;

6- Konstwi lekòl pwofesyonèl ak lekòl teknik nan tout zòn nan peyi a ki gen nesesite pou sa ;

7- Repanse ansèyman siperyè peyi a.

*V.- Chantye Jistis*

1.- Repanse sistèm jistis peyi a (bay pouvwa jidisyè a tout mwayen sa mande ak endepandans li pou l travay) ;

2.- Repanse sistèm penitansye peyi a ;

3.- Pran bon jan mezi pou gen bon jan ki koresponn ak reyalite peyi epi veye

aplikasyon yo ;

 *VI.- Chantye kiltirèl* 

1- Revalorize aktivite kanaval, rara, dans, mizik popilè ;

2- Revalorize tout jwèt tradisyonèl yo (tire baton, kat, domino, gagè…)

3- Kreye sant atistik, sant atraktif (sal sinema, espas pou moun jwe, bibliyotèk, sal ekspozisyon elatriye) ;

4- Revalorize lakou yo.

 *VII.- Chantye fiskal* 

1-Prelèman taks sou patrimwàn ;

2-Prelèvman taks sou fòtin ;

3- Prelèvman taks sou antrepriz miltinasyonal yo ;

4- Taks sou tranzaksyon finansyè (apati 100 000 goud) ;

5- Taks sou benefis bank yo ;

6- Taks sou pwodui polyan yo (asyèt katon, plastic…);

7- Taks sou machin k ap woule sou wout nasyonal yo;

8- Prelèvman taks sou depo paspò, tranzaksyon veyikil;

9- Repanse fonksyonman piblik e prive yo; 

*Fòmasyon pouvwa ezekitif la ak ògàn kontwòl la* (Page 10 of 13)

Nou pwopoze pou tranzisyon sa a gen yon ekzekitif ak de (2) tèt. Ni moun k ap

gen pou vin prezidan ni moun k ap gen pou vin premye minis nan tranzisyon sa a dwe gen kòm pwofil :

Onètete;

 Krediblite;

 entegrite ;

 fòk yo pat janm fè objè ankèt pou koripsyon, dwèt long siperyè, vole

lajan Leta ;

 fòk yo enspire konfyans ;

 fòk yo konn peye taks Leta regilyèman ;

 fòk se yon moun ki dakò ak demach Tranzisyon koupe fache a.

Moun k ap gen pou vin prezidan nan tranzisyon an, pa oblije soti nan yon

enstitisyon piblik oubyen prive. Konsa tou, li kapab yon pesonalite k ap travay nan enstitisyon sa yo tou. Sèl bagay li dwe koresponn ak pwofil moun nou site piwo yo epi tou fòk aktè ki nan sosyete sivil ak politik la mete yo dakò sou sa. Kidonk, demach la pa chita ni sou enstitisyon, ni sou pati politik ni sou sektè, men sou pèsonalite kredib ak onèt.

Premye minis la li menm dwe yon pèsonalite politik ki koresponn ak pwofil nou site piwo yo. Se diferan aktè politik yo ki dwe antann yo sou li.

Nan kad tranzisyon koupe fache sa a nou peopoze pou redwi ministè yo ak 14 ki repati konsa :

1- Ministè planifikasyon ;

2- Ministè enteryè ak kolektivite teritoryal ;

3- Ministè zafè sosyal ak travay ;

4- Ministè Ekonomi ;

5- Ministè Finans

6- Ministè Zafè Etranje ;

7- Ministè Edikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl ;

8- Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ;

9- Ministè Agrikilti ak Resous Natirèl ;

10.Ministè Anviwonnman ;

11- Ministè La Kilti ak Touris ; (Page 11 of 13) 

12-Ministè La Kilti ak Touris ;

13- Ministè Travo piblik ak Kominikasyon ;

14- Ministè Kondisyon Fanm ak dwa fanm ;

Ministè Espò ak Aksyon Sivik

Pou kontwole aksyon gouvènman k ap gen pou aplike pwogram tranzisyon koupe fache a, nou pwopoze yon KONSÈY KONTWÒL NASYONAL (KKN) k‟ap jwe wòl ògàn k ap kontwole aksyon tranzisyon an. KKN nan dwe fòme konsa :

De (2) manm ap soti nan chak depatman, 2 manm ap soti nan dyaspora a, sa fèyon total 22 manm.

Se òganizasyon nan sosyete sivil depatman yo tankou òganizasyon peyizan,òganizasyon sendikal, òganizasyon fanm, òganizasyon moun andikape yo k ap gen pou reyini epi dezinye 2 manm k ap gen pou vin syeje nan Konsèy Kontwòl Nasyonal la.

Nan nivo dyaspora a 2 manm sa yo dwe soti nan òganizasyon k ap batay bò kote pèp ayisyen an pou chanjman peyi a.

De (2) moun sa yo k ap dezinye pou vin nan konsèy la dwe yon fanm ak yon

gason.

Moun k ap fè pati konsèy sa a (KKN) dwe gen kòm pwofil :

■ Onètete,

■ krediblite,

■ entegrite ;

■fòk yo pat janm fè objè ankèt pou koripsyon, dwèt long siperyè, vòleò

lajan leta ;

■ fòk yo enspire moun konfyans ;

■ fòk yo te konn peye taks regilyèman ;

Konsèy Kontwòl Nasyonal (KKN) la ap pran angajman solanèl pou respekte sa ki di nan akò a ;

Konsèy Kontwòl Nasyonal la dwe resevwa prestasyon sèman gouvènman

tranzisyon an; (Page 12 of 13)

Konsèy Kontwòl Nasyonal la ap gen pou resevwa eta avansman travay gouvènman an chak 6 mwa apati de dat prestasyon sèman l ;

Konsèy Kontwòl Nasyonal la ap gen pou apresye, sanksyone e fè tout

rekòmandasyon nesesè sou travay gouvènman tranzisyon an;

Apre evalyasyon, Konsèy Kontwòl Nasyonal la kapab fè rekòmandasyon nan kad yon rapò ak prezidan epi premye minis la pou pran sanksyon kont yon minis yo estime ki pap fè travay li kòmsadwa; 

Ansanm òganizasyon ki pran inisyativ pou fè pwopozisyon sila a, rete ouvè pou tout diskisyon sensè ki enskri nan demach pou jwenn yon solisyon ak kriz peyi a plonje depi yon bon bout tan. An menmtan tou, nou tou pwofite fè apèl ak vijilans pèp ayisyen an e mandel pou l leve kanpe pou manifeste volonte l e enpoze sa l vle. Paske se li menm ki mèt desten l pa gen okenn moun ki kapab jwe wòl sa a nan plas li.

Lis òganizasyon ak pèsonalite ki siyen :

La Brève avec Kapzy News

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.