The news is by your side.

Haïti : VIHAMO condamne l’assassinat de Diego Charles et de Antoinette Duclaire

0 349

Dans une note de presse publiée par la section des droits humains de l’association Vision pour Haïti et le Monde (VIHAMO) ce week-end, elle condamne avec la dernière rigueur l’assassinat du Journaliste Diego Charles, et de la Journaliste Militante Antoinette Duclaire. 

Les responsables de la VIHAMO, invitent les autorités à diligenter une enquête afin de faire la lumière sur cet acte, suivi du massacre de Delmas 32. 

Lire l’intégralité de la note 

Nòt pou la près

 Depatman Dwa Moun Vizyon pou Ayiti ak pou monn lan (VIHAMO) kondane ak tout fòs li zak asasina ki fèt sou Jounalis vision 2000 Diego Charles devan lakay li nan kriswa (ri akasya)  ki te akonpaye ak militant politik Jounalis Marie Antoinette Duclair ak plis pase 15 lèzòt ki tonbe anba bal nèg ak zam sou moto nan lannwit 29 pou louvri 30 juin pase a nan Delmas 32 ak kriswa, San nou pap bliye plizyè lèzòt ki mouri nan menm nwit sa sou wout Frè.

Depatman Dwa Moun VIHAMO a kalifye zak asasinay Diego Charles la ak Madam Duclair a Kòm yon ekzekisyon paske machin viktim yo te ladan an pa gen Oken enpak bal madam Duclair pran 7 katouch e Diego 2 katouch,daprè enfòmasyon yo.

Depatman Dwa Moun VIHAMO konstate Kòman lis Jounalis ki mouri ak pèsekite yo ap alonje pandan 3 dènyè ane sa yo kote ankèt yo pa janm abouti. 

Lè nou konstate Kòman foto Jounalis  Dieu Nalio Chery oblije kite peyi a ak tout fanmi li akòz lap subi menas lanmò, gen plizyè lòt Jounalis ki oblije kite kay yo akòz menas . VIHAMO estime gen yon lejète bò kote otorite konsène yo nan fè respekte dwa moun, nan sosyete a.

Nan sans sa Depatman Dwa Moun VIHAMO a mande otorite nan aperèy jistis la ak nan lapolis la pou dilijante bon jan ankèt pou jwenn tout moun ki koupab nan masak yo pou trennen yo devan lajistis,e pini yo. 

VIHAMO swete fwa sa pap gen zafè ankèt “se poursuit”

Vizyon pou Ayiti ak pou mon lan,ap mande lapè nan mitan tout pitit peyi a.

      Pou Depatman Dwa Moun VIHAMO . 

DR MAXO JOSEPH

+50936867736

Laisser un commentaire

Votre adresse email ne sera pas publiée.